Add parallel Print Page Options

Jan ap entwodui liv la

Liv sa a, se yon seri vizyon ki montre ki moun Jezikris ye. Se Bondye ki bay Jezi revelasyon sa yo, pou l voye montre sèvitè l yo sa k gen pou rive nan yon ti kras tan ankò. Epi, Kris voye Zanj li pou montre Jan, sèvitè l la, bagay sa yo. Se Jan k ap rakonte tout sa l te wè. Sa Jezi di l la se verite a. Se mesaj sa a Bondye voye menm.

Read full chapter