Add parallel Print Page Options

Se Jan k ap rakonte tout sa l te wè. Sa Jezi di l la se verite a. Se mesaj sa a Bondye voye menm. Moun k ap li liv sa a ansanm ak moun yo k ap tande sa liv sa a di, moun sa yo se moun ki ere, si yo mete an pratik pawòl sa yo. Paske moman ki fikse pou bagay sa yo prèske rive.

Jan voye lèt bay legliz yo

Se Jan k ap ekri voye bay sèt legliz ki nan zòn Azi a:

Gras ak lapè Bondye pou nou, limenm ki la, ki te toujou la, epi ki nan wout ap vini an, ansanm ak sèt espri Bondye yo ki devan twòn li a,

Read full chapter