Add parallel Print Page Options

ansanm ak Jezikris, temwen fidèl la. Li se premye pami moun ki va resisite yo, li se chèf tout wa sou latè.

Jezikris renmen nou epi ak san li, li delivre nou anba pouvwa peche nou yo. Epi li pran nou, li fè nou vin yon wayòm, yon pil sakrifikatè pou Bondye, Papa li. Se pou li laglwa ak puisans ye pou tout tan gen tan! Amèn.

Gade, men l ap vini avèk nyaj yo! Tout je moun ap wè l, menm moun yo ki te pèse[a] kò l yo. Tout moun sou latè ap kriye anpil epi y ap pote dèy poutèt li menm. Wi, sa pral rive! Amèn!

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:7 pèse Lè yo te fin touye Jezi, Yo te pèse l ak yon lans bò kòt li. Gade nan Jan 19:34.