Add parallel Print Page Options

Gade, men l ap vini avèk nyaj yo! Tout je moun ap wè l, menm moun yo ki te pèse[a] kò l yo. Tout moun sou latè ap kriye anpil epi y ap pote dèy poutèt li menm. Wi, sa pral rive! Amèn!

Senyè a deklare: “Mwen se Alfa ak Omega,[b] mwen se premye, mwen se dènye. Se mwen ki la, ki te la, epi k ap vini an, sila a ki gen tout pouvwa a.”

Mwen se Jan, frè nou, k ap patisipe nan menm detrès la, menm wayòm ak menm pèseverans nan Jezi ak nou. Yo te ekzile m sou zile yo rele Patmòs[c] la, poutèt m t ap di laverite ki konsènen Jezi epi mwen t ap anonse mesaj Bondye a.

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:7 pèse Lè yo te fin touye Jezi, Yo te pèse l ak yon lans bò kòt li. Gade nan Jan 19:34.
  2. 1:8 Alfa ak Omega Se premye ak dènye lèt nan alfabè lang Grèk la, sa vle di kòmansman ak finisman.
  3. 1:9 Patmòs Se yon ti zile nan lanmè Eje, toupre kòt peyi Latiki.