Add parallel Print Page Options

Temwen sa yo gen pouvwa pou fè lapli pa tonbe pandan tout tan y ap pale nan non Bondye a. Yo gen pouvwa pou fè dlo tounen san. Yo ka frape latè ak tout kalite dezas, de tanzantan, jan yo vle.

Lè yo fin temwanye, bèt ki te soti nan twou san fon an ap batay avèk yo, l ap gen viktwa sou yo epi l ap touye yo. Kadav yo ap rete nan lari, sou plas gwo lavil la. Yo bay Lavil sa a yon non an daki, yo rele l Sodòm ak Lejip. Se kote yo te klouwe Senyè a sou kwa a.

Read full chapter