Font Size
Revelasyon 13:12-14
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Revelasyon 13:12-14
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
12 Bèt sa a kanpe devan premye bèt la, li fè tout sa premye bèt la te fè ak menm puisans lan. Li te fòse latè ak tout moun k ap viv ladan l fè yo adore premye bèt la, bèt ki te blese prèt pou mouri a epi ki te geri a. 13 Dezyèm bèt sa a te fè yon bann gwo mirak. Li te menm fè dife soti nan syèl la tonbe sou latè, devan je tout moun.
14 Se konsa dezyèm bèt la te twonpe tout moun k ap viv sou latè. Li te jwen pouvwa sa a nan men premye bèt ki te soti nan lanmè a. Li kòmande pou tout moun sou latè fè yon estati bèt ki te soti nan lanmè a, bèt ki te blese ak kout lans lan epi ki vivan toujou a.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International