Font Size
Revelasyon 13:13-15
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Revelasyon 13:13-15
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
13 Dezyèm bèt sa a te fè yon bann gwo mirak. Li te menm fè dife soti nan syèl la tonbe sou latè, devan je tout moun.
14 Se konsa dezyèm bèt la te twonpe tout moun k ap viv sou latè. Li te jwen pouvwa sa a nan men premye bèt ki te soti nan lanmè a. Li kòmande pou tout moun sou latè fè yon estati bèt ki te soti nan lanmè a, bèt ki te blese ak kout lans lan epi ki vivan toujou a. 15 Dezyèm bèt la te jwenn pouvwa pou l mete lavi nan estati premye bèt la, pou fè l pale epi pou fè touye tout moun ki pa ta vle adore l.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International