Add parallel Print Page Options

18 Se lè sa a, yon lòt anj, anj ki gen pouvwa sou dife a, li te soti kote lotèl la ye a. Li pale byen fò ak anj ki te gen manchèt byen file nan men l lan: “Voye manchèt byen file w la, rekòlte grap rezen ki sou latè yo, paske rezen yo pare.” 19 Anj lan voye manchèt li sou latè, li ranmase grap rezen sou latè yo epi li jete yo tout nan gwo basen kòlè Bondye a. 20 Yo te kraze rezen yo nan basen andeyò lavil la. San te koule sou yon distans 300 kilomèt[a] epi monte rive jis nan fè ki bride cheval yo.

Read full chapter

Footnotes

  1. 14:20 300 kilomèt Literalman, “1,600 estadya” yon ti kras pipiti pase 300 kilomèt.