Font Size
Revelasyon 15:3-5
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Revelasyon 15:3-5
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
3 Yo t ap chante kantik Moyiz la, sèvitè Bondye a, ansanm ak kantik Ti Mouton an. Yo t ap di:
“Tout sa w fè, se gwo bagay, yo fè moun sezi.
Senyè, Bondye toupisan,
tout sa w fè, yo dwat epi yo san fot,
ou menm ki wa sou tout nasyon yo!
4 Tout moun dwe gen krentif pou ou, o Senyè.
Tout pèp va fè lwanj pou non ou.
Se ou sèl ki sen.
Tout pèp va vin devan w, koube pou adore w,
paske jijman ou fè yo dwat.”
5 Apre sa, m gade, m wè tanp lan louvri nan syèl la, kote ki apa pou Bondye a.[a]
Read full chapterFootnotes
- 15:5 kote ki apa pou Bondye a Literalman, “tant temwanyaj la”. Li ekspresyon tant ki Sen an nan Lis Mo yo. Li Egz 25:8-22.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International