Add parallel Print Page Options

Epi sèt anj ki responsab sèt kalamite yo soti. Yo te abiye ak yon bèl twal blan ki t ap klere anpil. Sentiwon yo te fèt ak lò. Apre sa, youn nan kat kreyati vivan yo bay sèt anj yo sèt koup ki fèt ak lò ki plen ak kòlè Bondye k ap viv pou tout tan an. Tanp lan te plen ak lafimen ki montre glwa ak pouvwa Bondye. Pèsòn pa t ka antre nan tanp lan, jouktan sèt kalamite sèt anj yo te fin pase.

Read full chapter