Font Size
Revelasyon 16:10-12
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Revelasyon 16:10-12
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
10 Senkyèm anj lan vide koup pa l la sou twòn bèt la. Fènwa te kouvri wayòm bèt la. Moun t ap mòde lang yo tèlman yo t ap soufri. 11 Yo t ap joure Bondye ki nan syèl la, poutèt soufrans yo ak maleng yo, men yo refize chanje kè yo pou yo ta vire do bay move zak y ap komèt yo.
12 Sizyèm anj lan vide koup pa l la sou gwo larivyè ki rele Lefrat la. Dlo a seche nèt pou wa k ap soti nan peyi solèy leve yo ka travèse.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International