Add parallel Print Page Options

11 Yo t ap joure Bondye ki nan syèl la, poutèt soufrans yo ak maleng yo, men yo refize chanje kè yo pou yo ta vire do bay move zak y ap komèt yo.

12 Sizyèm anj lan vide koup pa l la sou gwo larivyè ki rele Lefrat la. Dlo a seche nèt pou wa k ap soti nan peyi solèy leve yo ka travèse. 13 Apre sa, m wè twa move lespri, yo te sanble ak krapo, youn t ap soti nan bouch dragon an, youn ki t ap soti nan bouch bèt la, epi youn ki t ap soti nan bouch fo pwofèt la.

Read full chapter