Add parallel Print Page Options

16 Lespri yo te rasanble wa yo yon kote yo rele Amagedon, nan lang Ebre.

17 Epi setyèm anj lan vide koup pa l la nan lè a. Lè sa a, yon gwo vwa te soti nan tanp lan, se te sou twòn nan l te soti. Li di: “Se fini!” 18 Lè sa a, te gen anpil kout zeklè, anpil gwo vwa k ap fè bri, anpil kout loray ak yon gwo trannmantè. Se te pi gwo trannmantè ki te janm fèt depi latè te gen moun sou li.

Read full chapter