Add parallel Print Page Options

17 Epi setyèm anj lan vide koup pa l la nan lè a. Lè sa a, yon gwo vwa te soti nan tanp lan, se te sou twòn nan l te soti. Li di: “Se fini!” 18 Lè sa a, te gen anpil kout zeklè, anpil gwo vwa k ap fè bri, anpil kout loray ak yon gwo trannmantè. Se te pi gwo trannmantè ki te janm fèt depi latè te gen moun sou li. 19 Gwo lavil la te fann fè twa moso. Lavil tout lòt nasyon yo kraze. Epi Bondye sonje gwo lavil Babilòn nan, li ba l bwè yon koup plen ra bouch ak diven kòlè tèrib li a.

Read full chapter