Add parallel Print Page Options

Fanm ki chita sou bèt la

17 Youn nan sèt anj ki te kenbe sèt koup yo avanse sou mwen epi li di m: “Vini. M pral montre w jijman gwo pwostitye a ki chita sou anpil dlo a. Se ak pwostitye sa a wa sou latè yo livre kò yo nan peche seksyèl yo. Epitou tout moun k ap viv sou latè fin soule tèt yo ak diven pwotitisyon li.”

Anj lan mennen m nan yon dezè, pa mwayen Sentespri a. Lè m rive la, mwen wè yon fanm chita sou yon bèt tou wouj. Tout kò l te kouvri ak vye pawòl pou joure Bondye. Li te gen sèt tèt ak dis kòn.

Read full chapter