Add parallel Print Page Options

13 Tout wa sa yo gen yon sèl objektif: sèvi ak pouvwa yo pou fè sèvis bèt la. 14 Y ap batay ak Ti Mouton an, men Ti Mouton an ap kraze yo, paske li se Senyè sou tout SENYÈ, Wa sou tout wa yo. Epi l ap gen moun pa l yo avè l, disip ki rete fidèl avè l yo, moun li te chwazi pou moun pa l yo.”

15 Lè sa a, anj lan di m konsa: “Bann dlo ou wè kote pwostitye a chita a, dlo sa yo se pèp, se plizyè ras, se plizyè nasyon ak plizyè lang ki nan mond lan.

Read full chapter