Add parallel Print Page Options

14 Y ap batay ak Ti Mouton an, men Ti Mouton an ap kraze yo, paske li se Senyè sou tout SENYÈ, Wa sou tout wa yo. Epi l ap gen moun pa l yo avè l, disip ki rete fidèl avè l yo, moun li te chwazi pou moun pa l yo.”

15 Lè sa a, anj lan di m konsa: “Bann dlo ou wè kote pwostitye a chita a, dlo sa yo se pèp, se plizyè ras, se plizyè nasyon ak plizyè lang ki nan mond lan. 16 Dis kòn ou wè yo, ansanm ak bèt la, ap rayi pwostitye a. Y ap pran tout sa pwostitye a genyen, y ap kite l toutouni. Y ap manje tout vyann sou kò l epi y ap boule l nan dife nèt.

Read full chapter