Font Size
Revelasyon 17:2-4
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Revelasyon 17:2-4
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
2 Se ak pwostitye sa a wa sou latè yo livre kò yo nan peche seksyèl yo. Epitou tout moun k ap viv sou latè fin soule tèt yo ak diven pwotitisyon li.”
3 Anj lan mennen m nan yon dezè, pa mwayen Sentespri a. Lè m rive la, mwen wè yon fanm chita sou yon bèt tou wouj. Tout kò l te kouvri ak vye pawòl pou joure Bondye. Li te gen sèt tèt ak dis kòn. 4 Fanm nan te gen yon rad mov ak wouj sou li. Li te chaje ak bijou an ò, ak wòch tout kalite koulè ki gen anpil valè ansanm ak anpil grenn pèl. Li te gen yon koup an ò nan men l ki te plen ak aksyon abominab ak tout bagay sal yon pwostitye gen nan lavi l.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International