Add parallel Print Page Options

Fanm nan te gen yon non ekri sou fon l. Non sa a gen yon sans sekrè. Men non an:

Gwo lavil Babilòn nan

manman tout pwostitye yo

ansanm ak tout move zak sou latè

M gade, m wè fanm nan te sou. Li te sou avèk san pèp Bondye a li te bwè. Li sou avèk san moun k ap rann temwanyaj pou Jezi yo. Lè m te wè fanm nan, mwen te sezi anpil.

Lè sa a, anj lan di m konsa: “Pou kisa w sezi konsa? M ap di w sekrè fanm nan ansanm ak bèt li monte a, bèt ki gen sèt tèt ak dis kòn nan.

Read full chapter