Add parallel Print Page Options

Bèt ou wè a, yon tan li te egziste, men li pa egziste ankò. Li gen pou l monte sot nan twou san fon an epi y ap detwi l. Moun k ap viv sou latè va sezi lè yo va wè bèt la, paske gen yon lè l te vivan, li te vin p ap viv ankò, epi li gen pou l vini ankò. Moun sa yo, se moun ki pa t janm gen non yo ekri nan liv lavi a depi mond lan te kòmanse.

Ou bezwen sajès pou w konprann sa. Sèt tèt yo se sèt mòn kote fanm nan chita. Se sèt wa yo ye tou. 10 Senk nan yo gentan mouri. Youn nan yo la kounye a, epi dènye wa a ap vini. Lè l vini, l ap fè yon ti tan tou kout.

Read full chapter