Add parallel Print Page Options

16 Y ap di:

“Ala rèd sa rèd, Gwo lavil la!
    Li te konn abiye byen fen ak rad ki fèt ak twal ki koute chè;
    li te abiye an mov wouj.
    Li te plen lò sou li, wòch ki koute chè ak pèl!
17 Epi nan inèd tan sèlman
    tout richès sa yo detwi!”

Tout kapitèn bato yo ki t ap vwayaje sou lanmè a, maren yo ak tout moun k ap fè lapèch kanpe byen lwen lavil Babilòn nan. 18 Yo t ap gade lafimen ki t ap leve soti nan dife a epi yo t ap di: “Pa t janm gen yon vil tankou vil sa a.”

Read full chapter