Font Size
Revelasyon 18:19-21
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Revelasyon 18:19-21
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
19 Yo t ap voye pousyè sou tèt yo epi yo te pran dèy. Yo t ap di:
“Gade yon tray pou gwo lavil la!
Vil sa a te konn anrichi tout moun ki gen bato sou lanmè poutèt gwo richès li!
Epi men li kraze nèt nan inèd tan!
20 Se pou syèl la fè fèt poutèt sa!
Pèp ki apa pou Bondye a ansanm ak apot yo, pwofèt yo, se pou nou fè fèt!
Bondye pini l
poutèt sa l te konn fè nou.”
21 Lè sa a, yon anj ki puisan anpil pran yon gwo wòch ki lou tankou yon pwa senkant. Anj lan jete wòch la nan lanmè, li t ap di:
“Men kijan yo va kraze Babilòn,
gwo lavil la, yon sèl kou!
Moun p ap janm wè l ankò.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International