Font Size
Revelasyon 19:1-3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Revelasyon 19:1-3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Moun nan syèl la ap louwe Bondye
19 Apre sa, mwen tande gwo vwa nan syèl la, se te vwa yon gwo foul moun. Vwa a t ap di:
“Fè lwanj pou Senyè a![a]
Viktwa, glwa ak pouvwa se pou Senyè a.
2 Jijman l yo reyèl epi yo jis.
Bondye nou an pini pwostitye a.
Se li menm ki fini ak latè nèt ak peche seksyèl li.
Bondye pini pwostitye
a pou l vanje lanmò sèvitè l yo.”
3 Yon lòt fwa ankò, foul la t ap di:
“Fè lwanj pou Senyè a!
Pwostitye a ap boule epi lafimen l ap toujou leve pou tout tan.”
Footnotes
- 19:1 Fè lwanj pou Senyè a Se yon tradiksyon pou yon mo Ebre, “Alelouya”, yo ekri l konsa ak lèt Grèk. Nan lang Ebre, li vle di, “Lwanj pou Yah”, yon ti non pou di “lwanj pou Yahweh” oubyen “Lwanj pou Senyè a”. Li v. 3, 4, 6.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International