Add parallel Print Page Options

Kavalye sou cheval blan an

11 Apre sa, m wè syèl la te louvri. M wè yon cheval blan devan m. Kavalye ki te monte sou li a te rele Fidèl ak Verite, paske li dwat nan jijman li ak nan lagè l ap fè. 12 Je li te klere menm jan ak flanm dife; li te gen plizyè kouwòn sou tèt li. Te gen yon non ki te ekri sou li pèsòn pa t konnen, sof li menm sèl. 13 L abiye ak yon rad ki te plen san. Yo rele li “Pawòl Bondye.”

Read full chapter