Add parallel Print Page Options

18 Rasanble pou n manje kò wa yo, kòmandan lame yo ak sòlda yo. Vin manje kò cheval yo ak tout moun ki monte yo, kit se moun lib, kit se esklav, kit se timoun, kit se granmoun.”

19 Lè sa a, m wè bèt la ansanm ak wa ki sou latè yo, ak tout sòlda lame yo. Yo reyini pou batay ak kavalye ki te sou cheval la ansanm ak lame pa l la. 20 Men, yo te met men sou bèt la ansanm ak fo pwofèt la epi yo mete yo nan prizon. Fo pwofèt sa a te fè yon bann gwo mirak devan bèt la. Se konsa li te twonpe moun ki te aksepte mak bèt la epi ki te adore estati l la. Yo jete bèt la ansanm ak fo pwofèt la tou vivan nan gwo letan dife mele ak souf ki t ap boule a.

Read full chapter