Add parallel Print Page Options

Mesaj Jezi voye pou legliz Pègam nan

12 Ekri voye pou anj legliz Pègam nan: Men sa moun ki gen nepe file de bò a voye di w.

13 Mwen byen konnen ki kote w ap viv. Ou ap viv kote Satan gen twòn li a. Men ou kenbe fèm avè m. Ou toujou kenbe lafwa nan mwen, menm nan tan Antipas, se te yon temwen fidèl pou mwen, yo touye l nan menm zòn ou ye a, zòn kote Satan ap viv la. 14 Men m gen kèk bagay pou m repwoche w. Ou gen moun kote w la k ap swiv doktrin Balaam nan. Balaam t ap montre Balak kijan pou l fè pèp Izrayèl la tonbe nan peche, pou fè yo manje vyann yo te ofri bay zidòl epi fè yo tonbe nan peche seksyèl.

Read full chapter