Font Size
Revelasyon 2:16-18
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Revelasyon 2:16-18
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
16 Poutèt sa, ou dwe chanje atitid nèt. Sinon, talè m ap vini, m ap konbat yo, mwen menm, ak nepe ki nan bouch mwen an.
17 Se pou tout moun ki gen zòrèy tande kisa Sentespri a ap di legliz yo!
Moun ki ranpòte laviktwa yo, m ap ba yo lamàn kache. M ap ba yo chak yon wòch blan tou. Sou wòch sa a, gen yon non nouvo ki ekri, yon non pèsòn lòt moun pa konnen, sèlman moun ki resevwa l la.
Mesaj Jezi voye pou legliz Tiyati a
18 Ekri anj legliz Tiyati a. Di l konsa: Men kisa pitit Bondye a voye di w, li menm ki gen je l menm jan ak flanm dife epi pye li te sanble ak bwonz dife fè vin klere anpil.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International