Add parallel Print Page Options

Alò, sonje kote w te ye anvan w te tonbe la a. Repanti w epi rekòmanse viv jan w te ye anvan an. Si ou pa fè sa, m ap vini epi m ap retire pye lanp ou a nan plas kote l ye a. Men gen yon bagay ou fè ki byen, ou rayi sa Nikolayit[a] yo ap fè a. Mwen rayi sa y ap fè a tou.

Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo. Moun ki ranpòte laviktwa, m ap ba l dwa pou l al manje fwi pye bwa lavi a[b] ki nan paradi Bondye a.

Read full chapter

Footnotes

  1. 2:6 Nikolayit Yon relijyon ki t ap swiv yon bann move bagay. Menm jan tou nan vèsè 15 lan.
  2. 2:7 pye bwa lavi a Pye bwa ki bay pouvwa pou moun viv pou tout tan. Gade nan Jen 2:9; 3:22 ak Rev 22:2.