Add parallel Print Page Options

Mesaj Jezi voye bay legliz Esmin nan

Ekri voye bay anj legliz Esmin nan: Men kisa moun ki premye ak dènye a voye di w, moun ki te mouri epi ki resisite a.

Mwen konnen pwoblèm ou yo, epi m konnen ou pòv, men anreyalite ou rich! Moun ki di yo se Jwif, poutan se pa vre, mwen konnen ki valè ensilte yo ensilte w. Se yon gwoup moun pou Satan yo ye. 10 Ou pral soufri, men pa pè anyen. Satan pral mete kèk nan nou nan prizon. L ap fè sa pou sonde nou. Nou pral soufri pandan di jou, men kontinye rete fidèl, m ap ban nou lavi etènèl pou rekonpans.[a]

Read full chapter

Footnotes

  1. 2:10 rekonpans Literalman, “kouwòn” yon kalite sèk yo te fè ak fèy oubyen branch bwa yo te konn mete sou tèt moun ki te ranpòte laviktwa a nan yon konpetisyon espòtif yo pou onore yo. Se te yon senbòl laviktwa epi yon rekonpans tou.