Font Size
Revelasyon 20:8-10
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Revelasyon 20:8-10
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
8 Li pral met kò l deyò pou twonpe nasyon nan tout kat kwen latè, Gòg ak Magòg, pou yo met tèt yo ansanm pou batay la; yo te si tèlman anpil tankou sab lanmè moun pa t ka konte yo.
9 Yo t ap vanse toupatou sou latè epi yo vin sènen kan kote pèp Bondye a ye a, vil Bondye renmen anpil la. Men, gen yon dife ki tonbe sot nan syèl la, li kraze brize tout foul lame Satan te reyini an. 10 Epi dyab la ki t ap twonpe tout nasyon yo, yo voye l nan yon letan dife ak souf, menm kote ak bèt la, ansanm ak fo pwofèt la. Yo va nan toumant lajounen kou lannuit pou tout tan gen tan.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International