Font Size
Revelasyon 21:1-3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Revelasyon 21:1-3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Yon Jerizalèm nouvo
21 Lè sa a, m wè yon syèl ak yon tè nouvo. Premye syèl la ak premye tè a te disparèt. Epi pa t gen lanmè ankò. 2 M gade m wè vil ki apa pou Bondye a, yon Jerizalèm nouvo,[a] m wè l ap desann soti nan syèl kote Bondye ye a. Se pa ti bèl li pa fè tèt li bèl, menm jan ak yon lamarye ki fè tèt li bèl pou yon mesye marye.
3 Epi m tande yon vwa byen fò ki soti kote fotèy wa a. Li di: “Kounye a Bondye fè bitasyon l pami lèzòm. L ap rete ansanm avèk yo. Yo va pèp Bondye, Bondye li menm ap avè yo, l ap Bondye yo.
Read full chapterFootnotes
- 21:2 Jerizalèm nouvo Lavil espirityèl kote pèp Bondye a ap viv ansanm avè l.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International