Add parallel Print Page Options

15 Anj ki t ap pale avè m nan te gen yon gòl nan men l, ki fèt ak lò, pou l mezire vil la, pòt li yo, epi miray la. 16 Vil la te gen yon fòm kare: longè l te menm ak lajè l. Anj lan mezire l avèk gòl la. Longè a te mezire 12,000 estad,[a] lajè a te mezire 12,000 estad, wotè a te mezire 12,000 estad. 17 Zanj lan te mezire miray la: li jwenn li mezire 144 koude.[b] Anj lan te sèvi ak mezi tout moun te konn mezire.

Read full chapter

Footnotes

  1. 21:16 12,000 estad Egal ak 2,400 kilomèt konsa.
  2. 21:17 144 koude 60 mèt. Yon “koude” se longè soti nan koud bra rive nan zong ti dwat men an. Yon demi mèt konsa.