Font Size
Revelasyon 21:16-18
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Revelasyon 21:16-18
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
16 Vil la te gen yon fòm kare: longè l te menm ak lajè l. Anj lan mezire l avèk gòl la. Longè a te mezire 12,000 estad,[a] lajè a te mezire 12,000 estad, wotè a te mezire 12,000 estad. 17 Zanj lan te mezire miray la: li jwenn li mezire 144 koude.[b] Anj lan te sèvi ak mezi tout moun te konn mezire. 18 Miray yo te fèt ak bèl wòch koulè vèt[c] ki koute chè. Vil la menm te fèt ak bon lò, klè menm jan ak kristal.
Read full chapterFootnotes
- 21:16 12,000 estad Egal ak 2,400 kilomèt konsa.
- 21:17 144 koude 60 mèt. Yon “koude” se longè soti nan koud bra rive nan zong ti dwat men an. Yon demi mèt konsa.
- 21:18 koulè vèt Tèks la pa di koulè vèt. Mo nou tradui a se “jasp”. Se yon wòch ki gen plizyè koulè, anpil fwa ki tire sou wouj, vèt, mawon, ble, jòn, vèt epi blan. Nan lantikite, yo te rele l “quartz”, kounye a yo rele l “jas”. Se yon wòch ki gen anpil valè.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International