Font Size
Revelasyon 21:17-19
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Revelasyon 21:17-19
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
17 Zanj lan te mezire miray la: li jwenn li mezire 144 koude.[a] Anj lan te sèvi ak mezi tout moun te konn mezire. 18 Miray yo te fèt ak bèl wòch koulè vèt[b] ki koute chè. Vil la menm te fèt ak bon lò, klè menm jan ak kristal.
19 Vil la te gen douz fondasyon. Chak fondasyon te fèt ak yon kalite wòch bijou ki koute chè anpil. Premye wòch la te an jas. Dezyèm nan te an safi. Twazyèm nan te an agat. Katriyèm nan te an emwod.
Read full chapterFootnotes
- 21:17 144 koude 60 mèt. Yon “koude” se longè soti nan koud bra rive nan zong ti dwat men an. Yon demi mèt konsa.
- 21:18 koulè vèt Tèks la pa di koulè vèt. Mo nou tradui a se “jasp”. Se yon wòch ki gen plizyè koulè, anpil fwa ki tire sou wouj, vèt, mawon, ble, jòn, vèt epi blan. Nan lantikite, yo te rele l “quartz”, kounye a yo rele l “jas”. Se yon wòch ki gen anpil valè.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International