Add parallel Print Page Options

21 Douz pòtay yo se te douz bèl grenn pèl. Chak pòtay te fèt ak yon sèl grenn pèl. Tout lari nan vil la te fèt ak bon lò, klere kon kristal.

22 Men nan vil la, m pa wè tanp, tanp lan se Senyè a menm, Bondye ki gen tout pouvwa a, ansanm ak Ti Mouton an. 23 Vil la pa bezwen solèy la oubyen lalin nan pou klere l. Glwa Bondye se limyè ki klere l, Ti Mouton an se lanp vil la.

Read full chapter