Add parallel Print Page Options

23 Vil la pa bezwen solèy la oubyen lalin nan pou klere l. Glwa Bondye se limyè ki klere l, Ti Mouton an se lanp vil la.

24 Nasyon yo ki sou latè, yo mache nan limyè Ti Mouton an bay la. Dirijan yo ki sou latè, yo pote glwa pa yo vini nan vil la. 25 Pòtay vil la p ap janm fèmen lajounen kou lannuit, paske p ap gen lannuit nan vil la.

Read full chapter