Font Size
Revelasyon 21:4-6
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Revelasyon 21:4-6
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
4 L ap siye tout dlo nan je yo. Lanmò p ap egziste ankò, p ap gen dèy ankò, ni kriye, ni soufrans. Tout bagay pase yo ap disparèt.”
5 Moun ki chita sou fotèy la di konsa: “Gade sa, m refè tout bagay tou nèf.” Epi li di m: “Ekri sa, paske pawòl mwen yo se verite a, yo merite tout konfyans nou.”
6 Li di m ankò: “Sa deja reyalize! Mwen se Alfa ak Omega,[a] kòmansman ak finisman. Moun ki swaf, m ap ba l bwè gratis nan sous dlo lavi a.
Read full chapterFootnotes
- 21:6 Alfa ak Omega Se premye ak dènye lèt nan alfabè lang Grèk la, sa vle di kòmansman ak finisman. Se menm bagay nan 22:13.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International