Add parallel Print Page Options

Li di m ankò: “Sa deja reyalize! Mwen se Alfa ak Omega,[a] kòmansman ak finisman. Moun ki swaf, m ap ba l bwè gratis nan sous dlo lavi a. Tout moun ki ranpòte laviktwa ap jwenn sa; m ap Bondye li epi l ap yon pitit gason pou mwen. Men moun ki lach yo, sa yo ki pa fidèl yo, sa yo k ap komèt vye zak tèrib, asasen yo, moun imoral yo, sòsyè yo, moun k ap adore fo dye yo, tout moun k ap bay manti yo, yo tout pral nan letan dife ak souf la. Se sa ki dezyèm lanmò a.”

Read full chapter

Footnotes

  1. 21:6 Alfa ak Omega Se premye ak dènye lèt nan alfabè lang Grèk la, sa vle di kòmansman ak finisman. Se menm bagay nan 22:13.