Add parallel Print Page Options

10 Paske ou pèsevere nan pawòl mwen, menm nan soufrans. Alò, m ap pwoteje w nan peryòd la twoublay k ap vini sou mond lan, yon tan eprèv pou tout moun k ap viv sou latè.

11 M ap vini talè. Kenbe fèm nan la fwa w, pou pèsòn pa pran kouwòn ou. 12 Moun ki va ranpòte laviktwa yo ap sèvi kolòn nan tanp Bondye m nan. Y ap rete la pou tout tan. M ap make yo ak non Bondye m nan, epi ak non lavil Bondye m nan, Lavil Jerizalèm[a] tou nèf la Bondye voye desann soti nan syèl la. M ap make yo ak nouvo non mwen an tou.

Read full chapter

Footnotes

  1. 3:12 Lavil Jerizalèm Se yon lavil espirityèl kote Bondye ap viv ansanm ak pèp li a.