Font Size
Revelasyon 3:11-13
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Revelasyon 3:11-13
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
11 M ap vini talè. Kenbe fèm nan la fwa w, pou pèsòn pa pran kouwòn ou. 12 Moun ki va ranpòte laviktwa yo ap sèvi kolòn nan tanp Bondye m nan. Y ap rete la pou tout tan. M ap make yo ak non Bondye m nan, epi ak non lavil Bondye m nan, Lavil Jerizalèm[a] tou nèf la Bondye voye desann soti nan syèl la. M ap make yo ak nouvo non mwen an tou. 13 Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo.
Read full chapterFootnotes
- 3:12 Lavil Jerizalèm Se yon lavil espirityèl kote Bondye ap viv ansanm ak pèp li a.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International