Add parallel Print Page Options

12 Moun ki va ranpòte laviktwa yo ap sèvi kolòn nan tanp Bondye m nan. Y ap rete la pou tout tan. M ap make yo ak non Bondye m nan, epi ak non lavil Bondye m nan, Lavil Jerizalèm[a] tou nèf la Bondye voye desann soti nan syèl la. M ap make yo ak nouvo non mwen an tou. 13 Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo.

Mesaj Jezi voye bay legliz Lawodise a

14 Ekri voye bay anj legliz Lawodise a, di l konsa: Moun ki rele Verite a, ki pale selon verite a, moun ki sous kreyasyon Bondye a, men kisa l voye di w:

Read full chapter

Footnotes

  1. 3:12 Lavil Jerizalèm Se yon lavil espirityèl kote Bondye ap viv ansanm ak pèp li a.