Add parallel Print Page Options

16 Konsa, poutèt se sèlman tyèd ou tyèd, ou pa ni frèt ni cho, m ap vomi w krache voye jete. 17 Paske, ou met nan tèt ou rich, ou pa bezwen anyen, men se wè ou pa wè ou melere, pòv mizerab, avèg epi toutouni! 18 M ap konseye w achte nan men m yon lò ki bon, ki byen pwòpte nan dife, pou w ka vin rich. Achte rad blan nan men m, pou w mete, pou ou pa wont lè w ap mache toutouni sou moun. Achte nan menm remèd pou mete nan je w, pou ka wè.

Read full chapter