Add parallel Print Page Options

17 Paske, ou met nan tèt ou rich, ou pa bezwen anyen, men se wè ou pa wè ou melere, pòv mizerab, avèg epi toutouni! 18 M ap konseye w achte nan men m yon lò ki bon, ki byen pwòpte nan dife, pou w ka vin rich. Achte rad blan nan men m, pou w mete, pou ou pa wont lè w ap mache toutouni sou moun. Achte nan menm remèd pou mete nan je w, pou ka wè.

19 Moun mwen renmen, mwen tire zòrèy yo pou korije yo. Alò, fè plis efò, repanti w epi chanje konduit ou!

Read full chapter