Add parallel Print Page Options

Sonje kijan ou te resevwa pawòl la ak jan ou te tande l, repanti w epi mete l an pratik. Si ou pa fè atansyon, m ap vin menm jan ak yon vòlè, ou p ap menm konnen kilè m ap rive sou ou.

Men, ou gen kèk moun avè w, nan Sad, yo pa sal rad yo. Y ap mache ansanm ak mwen, abiye toudeblan, paske yo merite sa. Se konsa, moun ki ranpòte laviktwa yo ap abiye toudeblan. Mwen p ap janm efase non yo nan liv lavi a. Epi, m ap temwanye yo se moun pa m, devan Papa m epi devan anj li yo tou.

Read full chapter