Font Size
Revelasyon 8:5-7
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Revelasyon 8:5-7
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
5 Epi, anj lan pran pèl la, li plen l ak dife soti sou lotèl la, li voye l sou latè. Lè sa a, sa te fè yon seri gwo kout loray, anpil bri vwa, anpil kout zeklè ak yon trannmantè.
Premye twonpèt la sonnen
6 Lè sa a, sèt anj ki te gen sèt twonpèt yo te pare pou yo sonnen twonpèt yo.
7 Premye anj lan sonnen twonpèt pa l la. Lè sa a, lagrèl ak dife melanje ak san te sot tonbe sou latè. Yon tyè latè boule, yon tyè pyebwa boule, epi tout zèb vèt boule.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International