Add parallel Print Page Options

Premye twonpèt la sonnen

Lè sa a, sèt anj ki te gen sèt twonpèt yo te pare pou yo sonnen twonpèt yo.

Premye anj lan sonnen twonpèt pa l la. Lè sa a, lagrèl ak dife melanje ak san te sot tonbe sou latè. Yon tyè latè boule, yon tyè pyebwa boule, epi tout zèb vèt boule.

Dezyèm anj lan sonnen twonpèt pa l la, yon bagay ki sanble ak gwo mòn dife tonbe nan lanmè a. Yon tyè nan lanmè a tounen san.

Read full chapter