Add parallel Print Page Options

Lestomak yo sanble yon bagay ki kouvri ak yon plak an fè. Bri zèl yo se tankou bri yon bann chwal k ap mennen cha pou fè lagè. 10 Krikèt vèt sa yo gen ke yo ak yon pwent ladan yo pou pike, menm jan ak ke eskòpyon. Se ak ke yo, yo fè moun soufri pandan senk mwa. 11 Chèf k ap gouvène krikèt vèt yo, se anj twou san fon an. Nan lang Ebre a, yo rele l Abadon.[a] Nan lang Grèk, yo rele l Apolyon.[b]

Read full chapter

Footnotes

  1. 9:11 Abadon Nan lang Ebre mo sa a vle di “Lanmò” oubyen “Destriksyon”. Yo sèvi ak mo sa a kòm yon non pou kay lanmò. Gade nan Jòb 26:6 ak Sòm 88:11.
  2. 9:11 Apolyon Yon mo ki vle di “Destriktè”.