Add parallel Print Page Options

Lè bon moman an te rive, li te fè moun konnen Bòn Nouvèl sa a. Bondye Sovè nou an te ban mwen mesaj sa a epi li pase m lòd pou m fè tout moun konnen sa l di.

Mwen ekri w lèt sa a, Tit. Ou se tankou yon pitit toutbon vre pou mwen, paske nou toulede dakò sou sa nou kwè. M ap priye pou Bondye Papa a ansanm ak Jezikris Sovè nou an, pou yo fè w gras epi ba w lapè!

Travay Tit sou zile Krèt la

Mwen kite w nan Krèt pou ou fin ranje sa k dwe mete nan lòd. Mwen vle w mete yon gwoup moun ki gen matirite pou dirije legliz ki nan chak vil, dapre jan m te di w, mwen menm:

Read full chapter