Add parallel Print Page Options

Mwen ekri w lèt sa a, Tit. Ou se tankou yon pitit toutbon vre pou mwen, paske nou toulede dakò sou sa nou kwè. M ap priye pou Bondye Papa a ansanm ak Jezikris Sovè nou an, pou yo fè w gras epi ba w lapè!

Travay Tit sou zile Krèt la

Mwen kite w nan Krèt pou ou fin ranje sa k dwe mete nan lòd. Mwen vle w mete yon gwoup moun ki gen matirite pou dirije legliz ki nan chak vil, dapre jan m te di w, mwen menm: Gade si w jwenn moun ki pa gen repitasyon moun ki nan sa ki mal, ki gen yon sèl madanm,[a] ki gen ti moun ki kwè epi ki pa gen dosye debòch ni dosye rebelyon.

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:6 yon sèl madanm Literalman, “yon nonm ki gen yon sèl madanm.” Sa kapab vle di tou, “ki te marye yon sèl fwa.”