Add parallel Print Page Options

Travay Tit sou zile Krèt la

Mwen kite w nan Krèt pou ou fin ranje sa k dwe mete nan lòd. Mwen vle w mete yon gwoup moun ki gen matirite pou dirije legliz ki nan chak vil, dapre jan m te di w, mwen menm: Gade si w jwenn moun ki pa gen repitasyon moun ki nan sa ki mal, ki gen yon sèl madanm,[a] ki gen ti moun ki kwè epi ki pa gen dosye debòch ni dosye rebelyon. Chak lidè[b] nan legliz la dwe san fay, paske se jeran Bondye li ye; fòk li pa awogan, fòk li pa fè kòlè fasil, fòk li pa renmen bwè alkòl, ni vyolan, ni ap fè lajan yon fason ki fè wont.

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:6 yon sèl madanm Literalman, “yon nonm ki gen yon sèl madanm.” Sa kapab vle di tou, “ki te marye yon sèl fwa.”
  2. 1:7 lidè Nan plas sa a, literalman, “siveyan, gadyen, sipèvizè”. Gade Ansyen nan Lis Mo yo.